User:Romanfchacon3/sandbox

From Wikipedia, the free encyclopedia

Okipasyon ameriken an Ayiti, 1915-1934[edit]

Marin Etazini ak gid ayisyen patwouy riral Nò Ayiti an 1915.

Okipasyon ameriken an Ayiti kòmanse 28 jiyè 1915, lè Marin yo anvayi Pòtoprens epi yo kaptire vil la e tou peyi a sou otorite prezidan ameriken Woodrow Wilson. Anvan evènman sa a, militè Etazini a deja debake yon lòt fwa pou pwoteje enterè biznis Ameriken desenm 1914. Entèvansyon jiyè pase apre koudeta kont prezidan ayisyen Jean Vilbrum Guillaume Sam. Jou sa a, li bay lòd pou asasine prizonye politik, epi yon gwoup moun fache tiye Sam.[1]

Etazini okipe Ayiti pandan disnef ane. Sepandan, te gen anpil rezistans kont militè Etazini a, espesyalman peyizan-sòlda ki rele “cacos.” Marin yo elimine cacos ak repwesyon vyolan kont peyizan ayisyen. Okipasyon fini 15 out 1934 lè dènye Marin kite peyi a sou otorite prezidan ameriken Franklin D. Roosevelt. Apre sa a, militè Etazini a ba pouvwa nan Gad Dayiti, fòs lapolis e militè kreye pa ameriken pou kenbe lapè an Ayiti. Etazini kanmenm kontwole finans ayisyen jiska 1947.[2]

  1. ^ Schmidt, Hans (1995). The United States Occupation of Haiti, 1915-1934. New Brunswick, NJ: Rutgers University Press. pp. 64–67. ISBN 9780813522036.
  2. ^ Dubois, Laurent (2012). Haiti: The Aftershocks of History. New York, NY: Picador. p. 295. ISBN 9781250002365.